COLLECTIVE ACTION  FOR THE DEVELOPMENT OF THE NORTH OF HAITI

Desantralizasyon - Patisipasyon -Progre

Byenvini  sou sit Entenet CADNOH a ki se yon espas. kote nou pataje tout enfomasyon ki konsene  Aktivite Asosiyasyon an .

Prezantasyon

CADNOH se yon oganizsyon ki fonde nan Brooklyn NY  apre yon rankot kominote ki te fet nan Cafe Alta jou ki te Dimanch 27 Out 2006  kote konpatriyot te soti nan plizye zon pou te reponn prezan e bay dizon yo sou nesesite pou mete sou pye yon oganizasyon rejyonal ki pral gen pou misyon travay pou promosyon Peyi dayiti espesyalman Zon No a kote majorite nan moun ki te prezan yo soti.

Depi le li fonde CADNOH bay tet li misyon pou 

Kontribye nan promosyon Istorik .touristik.ekonomik ak kiltirel Zon No peyi dayiti

Ede rebay Depatman an diyite ak prodiktivite li

Apiye tout proje konkre ki vize  devlopman zon lan 

Travay nan tet kole ak tout oganizsyon,tout enstitisyon ,tout sekte nasyonal .tankou entenasyonal kap travay pou devloman zon lan 

Ankouraje tet kole nan mitan tout oganizsyon  popile.kominote, imanite , komite katye elatriye ki vle progre peyia 


MWAYEN AKSYON

Pou rive reyalize objekti li anvizaje yo Cadnoh anvizaje .

Mete sou pye komite ak komisyon andedan tankou deyo peyi a ki ka ede nan fe travay la vanse

mande sipo ekonomik,materyel ak entelektyel tout moun swa sou fom don ,kotizsyon ,maraton elatriye pou pemet nou rive 


itilize radio,televizyon ,jounal ak tout rezo sosyo yo tankou Facebook,youtube,Whatsapp elatriye

Fe ou byen patisipe nan emisyon  radyo ak televizyon,pibliye atik jounal,fe brochi,flyez,kreye sit entenet,paj nan tout plafom ki posib

Oganize tab rond,deba.konferans,forom elatriye pou nou rive enfome  Sansiblize tout moun sou egzistans,aktivite e nesesite pou patisipe akm kontribiye nan devlopman Sosyo ekonomik Zon lan.

 

Sonje Koute e Patisipe  Soti Lendi pou Vandredi  7 e  pou 8 e PM sou Radio Ede Lot ( R.E.L.) 

Emisyon Konbite Natif Natal  prezante pa Romany Joseph ak Plizye lot Envite

sou www.radioedelot.com  / www.radyoedelot.com

Facekook Live nan paj Radio a

Sou Youtube  sou Twitter epi sonje  tanpri pouw abone , like,pataje paj ak chanel radio pou pemet plis moun koute e patisipe nan gwo konbit sa.

Ou ka rele ,patisipe voye mesa,nan telefon.sou whatsapp.mesenje elatriye

 



Ou kapab klike sou bouton  Ble Facebook  ki pi ba a pouw ka ale sou paj Facebook Radio Ede Lot e ou byen sou bouton wouj Youtube la pouw ka ale sou paj Youtube  e pi nap mande w tanpri pou abone ,like, pataje  paj  nou yo pou pemet plis moun patisipe . Mesi

Facebook
YouTube

Kontak Enfo : Tel  347-322-1711 / 347-238-5433 / 509-4340-1475

Adres : 189 E 34 th st 2 A Brooklyn ,NY 11203

Email : cadnoh1@yahoo.com

jromany2003@yahoo.fr

www.radioedelot.com